Rapid AyitiAkèy

DÈNYE MIZAJOU: 30 OUT 2026

Kondisyon sèvis

1. Sèvis la

Rapid Ayiti mete kliyan, chofè ak magazen an kontak pou komisyon, livrezon ak transpò. Pri final la kapab chanje selon distans, kantite arè ak pwodwi yo.

2. Kont yo

Chak moun dwe bay enfòmasyon ki kòrèk. Kont chofè ak magazen rete an verifikasyon jiskaske administratè a apwouve yo.

3. Peman

Nou aksepte lajan kach, MonCash ak NatCash lè metòd la disponib. Nou pa mande ni sove PIN kliyan an.

4. Sekirite

Chofè dwe respekte lwa sikilasyon ak pwoteje pwodwi kliyan yo. Aktivite ilegal, fwod ak abi ka fè kont lan sispann.

5. Anilasyon ak ranbousman

Yon kliyan ka anile yon kòmand ki poko pran. Ranbousman depann de eta peman ak depans ki deja fèt.

6. Kontak

Pou asistans, itilize fòm kontak la.